Tèm ak Kondisyon
Lè w itilize Zing Express 24/7, w dakò ak kondisyon sa yo. Dènye mizajou: out 2026.
1. Sèvis la
- Zing Express 24/7 se yon platfòm ki mete kliyan an relasyon ak chofè endependan pou transpò pasaje ak kolis (colis) nan tout 50 eta Etazini yo.
- Chofè yo se travayè endependan; yo touche pou chak kous yo fè. Zing Express 24/7 pa yon konpayi taksyon tradisyonèl.
2. Rezèvasyon ak pri
- Pri yo kalkile selon wout la (eta depa → eta arive), kantite pasaje ak bagay. Pri a parèt anvan ou konfime.
- Chak pri valab pou 1 sèl moun, sof lè gen ofri gwoup. Timoun peye menm pri ak granmoun mwens rabais timoun ki endike a.
- Yon malet ak yon valiz gratis pa pasaje; chak bagay anplis gen yon frè ki parèt nan rezèvasyon an.
- Pou kolis ak demenajman, pri a fèt sou devi apre nou gade lis bagay yo, foto ak videyo yo.
3. Peman
- Nou aksepte Zelle, Cash App ak lajan cash.
- Pou peman cash, yon depo minimòm peyab pa Zelle oswa Cash App obligatwa pou konfime rezèvasyon an; rès la peyab an cash bay chofè a.
- Rezèvasyon an pa konfime toutotan depo a pa resevwa, eksepte si administrasyon an deside otreman.
4. Anilasyon
- Ou ka anile yon rezèvasyon san frè jiska 3 jou (72 èdtan) anvan depa a.
- Anilasyon mwens pase 3 jou (72 èdtan) anvan depa a ka lakòz depo a pèdi.
- Si Zing Express 24/7 anile kous la, nou remèt ou tout kob ou peye a.
5. Responsablite kliyan an
- Kliyan an dwe bay enfòmasyon egzak (non, telefòn, adrès, dat, kantite moun ak bagay).
- Kliyan an dwe prezan nan adrès la a lè yo konvni an. Chofè a ka kite apre 30 minit reta san rembousman.
- Dwog, zam, ak tout bagay ilegal entèdi nan machin yo.
6. Kolis ak bagay
- Kliyan an responsab pou deklare tout sa l ap voye a epi bay foto/videyo egzak.
- Nou pa transpòte bagay frajil san anbalaj apwopriye, ni bagay entèdi pa lwa.
- Reklamasyon pou domaj dwe fèt nan 48 èdtan apre livrezon an, ak prèv (foto).
7. Limit responsablite
- Zing Express 24/7 pa responsab reta ki soti nan trafik, move tan, oswa sikonstans eksepsyonèl (force majeure).
- Responsablite maksimòm nou limite a montan kliyan an peye pou kous la.
8. Kontak
- Telefòn / WhatsApp: +1 (689) 266-8078
- Imèl: zingexpressgroup@gmail.com
© 2026 Zing Express 24/7